logo lever du soleil
En route vers le futur

Interpellation des autorités28 Me Jounen Entènasyonal Sante Fanm

Fanm pote lavi fanm ap defann lavi

28 me 1987 nan peyi kostarika, nan yon rankont mondyal atelye pou sante fanm, dat sa te chwazi kom jounen entenasyonal sante fanm. Jodi 28 me 2008, se yon dat enpòtan pou Fanm Deside ki toujou bay tèt li manda pou l kore fanm kap revandike dwa yo depi yo konstate mankman nan sèvis piblik yo.

Plan Aksyon Fanm Deside entegre rezilta travay Atelye Sante Fanm te komanse, ki te akouche jounen entenasyonal sila a, yon fason pou pote, pou kore ak pou fè swivi revandikasyon fanm yo parapo ak move eta sevis sante pou fanm. Konsa tou, 28 me, se yon dat ak yon fason pou pemet reskonsab sekte sante yo - kit nan leta kit nan prive - , bay sitwayèn yo enfòmasyon yo merite konnen sou tout keksyon ki konsene sante fanm. Se yon okazyon pou tabli enpòtans total kapital rekonesans sante fanm kòm yon bezwen espesyal ki merite satisfè.

Men sosyete a mete yon chay an diplis sou fanm : reskonsablite levasyon, ak swen timoun yo ak granmoun yo, fi kou gason san yo pa teni kont bezwen espesyal fanm nan domèn lasante.

Se poutet sa, jan nou tout ka konstate, kit nan oganizasyon fanm, kit nan lot oganizasyon anndan sosyete sivil la, kit nan reprezantan leta, lamizè fanm se premye maladi ki bòne dwa fanm nan koze lasante.

Men nou kwè tou, gen yon seri maleng andedan sekte lasante a ki posib pou geri pou bay fanm sevis de baz ki posib.

Nou kwe tou gen yon seri pwoblem ki kontinye poze nan kominote a, se paske reskonsab yo pa pran de angajman serye, pou mete kek mezi dirab.

Si keksyon sila yo pa rezoud, dwa fanm yo ap kontinye pile, sitiyasyon fanm yo ap vin pi malouk, sosyete a ap fe bak piplis.

I . KONSEKANS MIZE JENERALIZE A SOU SANTE FANM

Depi fanm Deside komanse selebre jounen sante fanm, nou wè ane sa a konsekans kriz ekonomik vin montre aklè, makonnay ki genyen ant sitiyasyon ekonomik fanm ak sante fanm. Sepoutet sa, selebrasyon jounen entenasyonal yo, se de moman pou nou fè yon bilan, ki pa ka fet andeyo konsiderasyon sitiyasyon ekonomik fanm yo ki andegraba.

Pwoblèm lamanjay nou te pale ane pase a vin pi malouk toujou, kelkilanswa manipilasyon politik ki te fet sou koze lavi chè a, baz materyel kriz ekonomik sila, li egziste nan tout rakwen peyia, li touche tout kategori sosyal yo. Nan sides peyia , nan vil jakmel an patikilye, jan nou abitye di l, gen diferan enstitisyon leta ki gen reskonsablite pou bay popilasyon yo yon seri sevis ki pou pemet yo fe fas ak kriz ekonomik sila e pou bone tout pwoblem sante piblik kriz sila charye avek yo.

Ministe Sante Piblik se li menm ki premye konsene nan reskonsabilite leta genyen pou mete kanpe pwogram sante, fe prevansyon epi bay sevis piplik ki gen ladan l sevis sante fanm.

2zyem reskonsab piplik ki konsenen pou chak komin se lameri, menm jan ak lot branch leta, yo reskonsab kodinasyon ak jesyon yon seri sevis piblik ki gen arevwa ak sante popilasyon yo, tankou dlo potab ak yon seri enfrastrikti ki pou pemet enstitisyon sante piblik yo fonksyone komsadwa. Le nou konstate move kalte sevis sante nou genyen nan jakmel ansanm ak tout lot kominote sides yo, nou mande n eske nou ka kontinye selebre jounen sante fanm, san n pa konsidere se sitwayen ak sitwayèn ki peye taks, san yo pa jwenn pyes sevis, aloske ke fanm ki pote lavi ap kontinye akouche nan move kondisyon, ap mouri nan bay lavi.

II. .CHAK JOU PI PLIS, SANTE MOUN AK DEPAFINI PATIKILYEMAN POU FANM YO

Chak lane, Jounen entènasyonal sante fanm nan se yon okazyon espesyal pou oganizasyon kap plede koz fanm lonje dwèt sou bezwen espesyal fanm yo nan nan fe ak pote pitit, sa ki konsène yon seri maladi ki atake fanm yo nan pati ki gen arevwa ak ko yo, tankou kansè tete, matris, ak lòt kalte enfeksyon ki atake ko fanm selman. Se sa k fe gen 900.000 fanm ki afekte ak kansè nan tete chak ane nan lemond epi 500.000 lot devlope kansè kol iterus e mwatye nan yo mouri.

Konsa, 28 me, se okazyon pou n fe radyografi vyolasyon dwa fanm nan koze sante, nan konsiderasyon leta ak sosyete a pa bay sante fanm. Nou ka di pako gen okenn pwogram sante ki konsène maladi fanm tout bon. Pa gen ase sèvis espesyal pou pwoteje fanm yo nan koze pote pitit, fe pitit, swenn pitit, epi pou jwenn tretman ki konsène maladi fanm ak kenbe ko yo ansante.

Jakmèl gen yon sèl grenn lopital leta pou sèvi tout depatman Sidès. Kidonk, pi fo moun nan depatman an pa gen ni chans ni okazyon jwenn sevis nan yon lopital. Pifo malere ak malerez ki nan vil Jakmel ak nan lokalite anndan komin nan ki pa two lwenn, le yo rive lopital la, yo ba jwenn ni sevis ni dokte ni materyèl premye swen yo kom kwa : koton, alkol, gan, sereng, twal gaz elatriye ; materyel sa yo ou pap jwen yo sou plas, menm nan ka dijans. Pa gen anestezis, pa gen oksijen, pa gen ekipman medikal tankou radyografi ak sonografi, alewe pou mamografi nan lopital Sen Michel

Fanm tout kondisyon sosyal ki rive frekante lopital la pa jwenn sevis matenite ak swenn ki nesese pou akouche nan bon kondisyon, se sa k fe pi fo fanm al chache swen lot kote oswa rete ak fanm saj. Se pousa, yon lot fwa anko, nou setoblije lonje dwet sou eta lopital la ki pa ofri ni kote ki akseptab, ni kondisyon ki korek pou fanm akouche komsadwa. Pwoblem sekirite, ak kalte swen ak medikaman kap bay nan lopital senmichel vinn fe anpil moun vinn pe l, anpil malad ap kouri pou lopital sa a.

Aloske lopital la se yon espas sante, kondisyon sanitè yo rete yon tèt chaje pou tout moun kap sèvi ladan l, kit se anplwaye, kit se malad. Kijan nou vle pou sitwayen ak sitwayèn yo jwenn sevis, lè kondisyon travay ak salè anplwaye lopital la yo rete yon pwoblem.

Pou fini, pa gen ase dispansè ak sant sante nan seksyon yo, sa ki genyen yo pa ekipe. Se sa k fè anpil moun oblije siyonnen yon bon valè wout anvan yo jwenn yon sant sante, se sak fe anpil fanm ansent mouri nan wout, se sak fe li difisil pou fanm viktim vyolans pou jwenn sèvis, akonpayman ak setifika medikal gratis jan sikile MSPP/MCFDF/MJ dekrete l depi mwa dout 2007 la, pou yo ka pote plent, se sa k fe anpil timoun malokipe poutet pa gen pwogram sante anndan kominote kote yap viv.

III . REVANDIKASYON FANM DESIDE NAN OKAZYON 28 ME 2008 DEVAN KONSTA SA YO

Jan nou te di l, premye esntitisyon leta ki pote reskonsablite sante piblik, se Ministe sante piblik. Pandan nap fe sonje sa Fanm Deside te mande, nan kad pledewaye oganizasyon an ap mennen pou defann dwa sante fanm, nou mande, yon lot fwa anko, pou :

1.MSPP

a.Mete Pwogram nasyonal edikasyon pou amelyore sante Fanm ak tifi yo

b.Pran yon mezi prese prese pou leve eskanp figi lopital sen michel, nan enstale aparèy medikal pou fe tout kalte analiz, sitou nan sa ki gade bezwenn espesifik fanm yo (egzanp yon aparey mamografi, ak egzamen pap tes paske kanse tete ak kanse nan kol maris frekan anpil.)

c.Mete enfrastrikti ak ekipman tankou elektrisite, twalet, kafeterya, ki pou pemet lopital la bay bonjan sevis

d.Mete yon sistèm lapwote pou jere dechè medikal yo ak fatrayo.

e.Nap tou pwofite mande sante piblik

enfomasyon sou lansman pwogram gynecologie obstetrique gratis pou fanm ansent, 8 mas ki sot pase a

aplikasyon plan konsetasyon nasyonal kont vyolans sou fanm ki gen ladan l 3 zouti ki se fich teknik pou fanm ki viktim, fomile setifika medikal ak fomile setifika kou ak blesi

Nou bezwen enfomasyon, sou komite jesyon lopital la ki te fome nan sektanm 2007 la.

Intervention de la PNH2.Lameri

a.Pou bone deteryorasyon kondisyon lavi popilasyon an, majistra yo ki, se premye sitwayen ak sitwayen jakmel, genyen pou yo :

b.Bay popilasyon an eksplikasyon sou diferan taks leta reklame (egzanp enpo lokatif ki mete nan zon ki pa jwenn sevis leta, tankou kouran elektrik, dlo, wout ak lot ankò) aloske manke sevis sosyal de baz.

c.Pote kole ak MSPP ak Ministe Komes nan retounen ak Sèvis Sanitè yo pou yo kontwole machandiz tankou lèt, vyan, moun kap vann a k mezi sal, manje ki espoze ak mouch, pwodwi ki espire, kalite dlo founisè yo ap vann popilasyon an

d.Veye fason moun ap manje

e.Mete kanpe yon plan kominal ki gen yon orè pou ramasay fatra nan tout zòn yo, nan mache anvan machan yo rive ak machandiz yo.

f.Tanmen reparasyon ki pou fet nan mache an fe a, ak konstriksyon yon bon mache ki gen twalèt, dlo potab, limyè ak depo pou machann yo mete machandiz yo elatrye.

g.Nap tou pwofite mande lameri mete lod nan dezod sou kantite kob yon moun kap konstwi gen pou peye OFATMA osnon Lameri

3.Ponpye ak Sikilasyon

a.Nan sa k gade jesyon mache anfe ak lakobat, sevis sikilasyon ak PNH gen apo pa yo pou yo pote, nan kore defans dwa fanm, nan domen sekirite fizik ak sante.

b.Fok ponpye yo ta lave mache a omwen chak dimanch.

c.Pa dwe gen sikilasyon veyikil alantou mache, sof pou Lapolis ak anbilans nan lè mache a ap fonksyone, Lakobat merite yon atansyon espesyal)

d.Nap tou pwofite mande sevis sikilasyon pran dispozisyon pou enpoze

moun kap sichaje moto yo, kap mete lavi pasaje yo, lavi pyeton yo ak pwop lavi pa yo andanje

Chofe moto kap kondwi ak yon telefon nan zorey yo, ak pasaje deye yo.

chofe kamyon yo kap pote moun nan move kondisyon transpo, sitou machann sara yo.

Nap pwofite atire atansyon lameri, delegasyon ak sevis sikilasyon, ki kite konpayi wout yo, kraze denye ri nan vil la san yo pa kite yon vwa prensipal.

Nou adrese twa kategori revandikasyon sila yo bay reskonsab leta ki konsene yo, paske chak lane, se demach sa a Fanm Deside Adopte, yon fason pou otorite yo reyaji pi vit. Se sa nou rele pledwaye. Se poutet sa Fanm Deside atire atansyon reskonsab yo nan depoze revandikasyon sila yo devan yo paske, jan tem nan di l la Fanm pote lavi, Fanm ap defann lavi e toutan nou pa jwenn bonjan sevis sante pou fanm, Fanm Deside fek kare ap defann lavi !

Causerie à l’occasion de la fête des pères le 29 Juin 2008

Fanm Deside organise chaque année trois (3) rencontres avec les hommes (maris et amis des membres) le 25 Novembre : journée internationale de la violence faite aux femmes, le 14 Février : Saint Valentin et le dernier dimanche du mois de Juin à l’occasion de la fête des pères. Ses rencontres ont pour objectif de les sensibiliser sur leur comportement, leur mentalité et sur la paternité responsable.

Cette année, pour la fête des pères, le dimanche 29 Juin, une centaine d’hommes sur l’invitation de Fanm Deside ont participé à une causerie sur l’éducation des enfants pour un avenir meilleur, l’avant projet de loi sur la paternité et la filiation préparé et déposé au Parlement Haïtien par le Ministère à la Condition Féminine et aux Droits des Femmes (MCFDF) et les références de la Constitution et du Code Civil sur les questions relatives.

Pour mieux mener son action de plaidoyer auprès de l’Etat et les institutions concernées face à ce fait social qui discrimine enfant et mère afin de corriger et réparer cette injustice, Fanm Deside fait appel à deux (2) intervenants : Me Técie Romulus Pétion, responsable de la section des droits des femmes au Ministère à la Condition Féminine et aux Droits des Femmes (MCFDF) pour présenter l’avant projet de loi sur la paternité et la filiation et Me Ronald Charles, président de l’Ordre des avocats du barreau de Jacmel pour répondre aux questions relatives des articles de la Constitution et du Code Civil sur la paternité, la filiation, les enfants naturels, légitimes et adultérins et sur les sanctions prévues par la loi.

Voici les propositions qui ont été prises :

•Investir dans l’éducation des enfants pour changer la mentalité machiste qui ronge notre société.

•Faire des émissions, présenter des conférences au niveau des Eglises, des Organisations pour sensibiliser la population sur la problématique de la filiation et de l’irresponsabilité paternelle.

•Sensibiliser les parents sur l’éducation des enfants.

•Responsabiliser les parents sur l’importance de la famille et son impact sur la stabilité de la société.

•Pétition pour appuyer les projets de loi déposés aux parlements sur la paternité responsable.

On avait également le doyen du Parquet du Tribunal Civil de Port-au-Prince, Me Rock Cadet et le vice délégué de Jacmel, Mr Zidor Fednel qui dans leur propos soutiennent le travail de plaidoyer de Fanm Deside.

Mesaj Fanm Deside 29 Jen 2008

Tout Manm Fanm Deside mele vwa yo ak vwa pitit yo pou yo swete tout papa , ki rekonèt yo se papa Bòn fèt.

Chak dènye dimanch nan mwa jen, kote anpil moun kòmanse pale sou fèt papa, kit se gwo magazen, kit nan fanmi yo , kit se nou menm nan fanm Deside, nou toujou jwenn kesyon sa atire anpil manman pitit, lage yo nan gwo refleksyon , jous yo konn rive regrèt yon lanmou san kontrol, yo te genyen yon fwa ak yon moun.

Yon moun yo gen dwa te renmen, yon moun ki tap bayo manti, yon moun ki vyole konfyans yo, yon moun ki vin plonje yo nan yon mizè nèt ale.

Konpòtman pifò papa ayisyen bay dekwa pou mande poukisa nou oblije fete

papa jounen jodi a. Menm si papa pa pote pitit men yo patisipe nan bay lavi, nou kwè yo dwe respekte lavi. Nou menm nan fanm Deside nap toujou selebre fèt papa, pou felisite papa ki pran responsablite yo, pou sansibilize papa kap kontinye lage pitit san yo pa pran responsablite yo, pou fè pledwaye bo kote otorite yo , pou yo wè nesesite pou vote bon lwa, kap ede timoun yo jwenn bon afeksyon, bon okipasyon , pou yon bon avni pou demen.

Yon ti moun pa oblige viktim. Se nan lide sa nap mande pou tribinal yo kontinye jige papa kipa okipe pitit yo egzige yo bay pansyon alimante, epi pou sante piblik ansanm ak legliz yo sansibilize paran yo fanm kou gason sou metòd planing ak prezèvatif.

Mezanmi lilè litan pou ayiti fini ak enjistis sosyal sa. Pou se pa manman sèlman ki gen pitit, pou tout timoun rive jwi tout dwa yo kom sa dwa, san yo pa mete yo sou kote, sou preteks yo pa lejitim. E konsa tout pitit ap kapab fete fèt papa.

Papa kipa okipe Pitit se pa papa